Search This Blog

Friday, February 8, 2013

RECAP: Goudougoudou (January 12, 2010 quake)

Goudougoudou ou byen tranbleman de tè 12 Janvye 2010 la pat touye plis pase 250,000 Ayisyen, men fason nou konstwi. Fason nou viv. Neglijans nou avek atitid nou pa janm renmen fe previzyon pou move tan...iresponsabilite nou, an rezime, te touye tout moun sa yo.
Si nou pa deside chanje bagay sa yo nou pa menm bezwen pèdi tan ap fè komemorasyon 12 Janvye 2010 paske lap sanble nou gen movez fwa ou byen nou inyoran.

12 Janvye 2010: Mwen te sou beton an. Zanmi ak fanmi mouri devanm, men mwen la toujou paske jou pam lan pot ko rive...ou byen mwen te vijilan ase poum pat abrite kom nenpot kote pandan yon tranbleman ap frape...Se pou tèt sa nou dwe kontinye aksantye anplis sou LEDIKASYON. Paske mwen te wè anpil Ayisyen ki te mouri men ki pa tap mouri si dabo yo te konnen ki sa pou yo fè lè gen yon tranbleman de tè, gen lot ki pa tap mouri (for sure) si yo te jwenn swen sante atan...Donk sèvis medikal ijan ak sèvis pompye enpotan anpil nan nenpot ki peyi.

12 Janvye 2010 te banm yon lot chans, yon lot rezon pou'm pa dekouraje nan batay pou yon lot Ayiti a paske granmèt la fèm konnen map viv chanjman sa men fok yon moun gen kouraj pou w asiste fenomèn ak sakrifis kap mennen nou nan destinasyon sa...
Se la vèy fèt pou w konn si fèt pwal bèl!

Better Haitians=Better Haiti!

Published on January 12, 2013

No comments:

Post a Comment